Текстов песен в базе: 1 278 222
Kouzen

Kouzen

D-FI Powèt Revòlte Lord IMP Tafa Mi-Soleil

Текст песни

Nan yon koridò bò rigòl dlo
Anndan site Kastwo
2 ti jèn chita y ap pale
Ak grenn sèl anba lang yo
Pandan youn t ap pale youn t ap koute
Yo pa fe bri
Nyaj jwen an ki pote ale sa yo t ap di
Kouzen, bagay yo grav menm sou fòs mwen m pa ka konte
Sa k vin nan menm nan ret kanpe pandan tout bagay ap monte
M la m ap gad fyète k kouche malad nan Belekou
Yo touye espwa gran ravin pa gen pyès moun pou pote l sekou
M pèdi nan panse m
On plat manje s on balon dò
Mize demounize n
Jis pou bat bouch ti sè m ap vann kò
Poutan m debat fè tout sa yo wè k dezonè
M lave machin mwen pote chay e menm mandyan selon jounen m
Koz m pa ka antre 2 men vid, non m p ap antre janm kite vant yo
Sèl zam nan m pa kenbe kouzen m fè jounen mason m vann dlo
Se lapèn lè madanm ap fòse souri pandan m chits ap touye tan e espere lanmou l
p ap mouri
Kouzen m wè Diyite ap fè trafik Prestij ti nèg ret nan boutèy
Desten trajik hmmm
Anba jipon madan Kolo se dèy
Mwen m lage pye m
Si l pa pou on mal l ap pou on byen
Dayè isit pa gen lavi
Kannòt pa fèt pou chyen
Поделиться ссылкой:
Короткая ссылка: https://tekstpesni.ru/s/5meR

Тексты других песен исполнителя

© 2017–2025 Тексты песен
Все тексты песен на сайте размещены пользователями, редакцией или собраны из открытых источников.
При копировании материалов ссылка на сайт обязательна.
Связаться
Уважаемые обладатели прав на музыку! На сайте не выкладывается музыка, ее нельзя скачать, послушать и тому подобное.