Bilan
35 Zile
D-FI Powèt Revòlte
Текст песни
M trase pwòp chimen m, m pa t jwenn oken plan wout
Se la reyalite a ratrape m, se la rèv mwen bout
Prizonye anndan on senfoni kouman pou m viv lib
Maten m Rhod aswè m D-Fi m mal pou jwenn ekilib
Si m fè bilan
Sa m pèdi gen plis valè ke sa m genyen yon milye vè pa rive ranpli vid lan
Sonje m te di w m p ap pase tout lavi m ap rape
Nan rape lavi m m gen enpresyon se tout lavi m m rate
Se pa t janm pou glwa ou ranpli pòch mwen
Pi gwo krent mwen se wè m vin etranje pou pwòch mwen
Kite m al viv pou yo, yo k te blese lè m t pran kou yo
M pa ka di yo m pile teta yo t ap pote m sou kou yo
M komansè pè, eroyin mwen ap febli
Pandan m ap rape sa pèn mwen se wè figi Estè k ap fè pli
Sa m dwe fè pa ban m tan pou fè sa m anvi
Pou pi espere distans lan rapwoche n ou ret dezyèm fanm nan vi m
Ket, m toujou respekte w ras
Vi m s on bòdèl tou, m tap chèch on lòt figi pou m pa gad tèt mwen nan glas
Yo pa touche fanmi an, li sakre a la Corleone
Pasa, You’ll Never Walk Alone
M chwazi ant sa k ap ban m like e sa k vrèman renmen m
M anvi ba yo tout sa m genyen men yo se tout sa m genyen
Kisa k ap rete m?
Kidonk tankou Lino m pran sa lavi a ban m m remèt sa lejand lan prete m
M te fè lè m m te viv li ak pasyon
Brize, m kit on moso nan mwen menm nan chak son
Lanmou k te pran bal nan kwen m nan m al jwenn li nan yon piblik
Avan mizik te mwayen evazyon m kounye a m gen Evazyon Mizik
Ant pi bèl melodi a m chanje agoni m
M pa yon nouvo popilè m se yon ansyen anonim
M pa bezwen konn sa listwa ap kenbe sou zèv mwen
Mizik sove vi m, Filip sove rèv mwen
Ak laj mwen, panse m rape pi kalm
Rim yo sanse fè bri k on fizi Fall
Mas tonbe reyalite ranpe l sou figi pa l
La verite se chimen Bondye li wete tout vwa l
An verite nou gen bon je sa vle di n global
Mizik sove vi n, je lespri n kill mantal pou n pa twouve n nan falèz inyorans
Chak rim s on mòso la konesans ak bon sans n aprann konnen sans konesans ki gen
nan chak dans avan chak trans nan yon vi
Li enposib pou w twouve bonè w nan on sèl vi
M te gem labitid wonfle pou m leve bonè m nan on chak vi
Nou pa vini pou n fini nan tan
Pèson p ap ka oze foure zèv nou nan tonb
Sa n akonpli depase dimansyom lògèy
Konprann reyalite ki tabliw nan vi se yon 3 fèy
Twouve m nan rasin 3 fèy nan zantray milokan
Rele m solèy milokan, sonje w se pitit solèy
Kalfou batay, bitay pou n te bay street la kèk bourad avan m tounen Ogou
Leta kill manman m debou kouman w ta vle pou m pa t rebèl
Pwoblem egzistansyèl p ap fè w we m nan koulè lakansyèl
Ak fight la m rete reyèl, a 40 pij m stil ap spit hard pou m twouve limyè ak
enèjj nan bote, bonte maji
M kouche 8 pou m karese lenfini nan bote, bonte maji
Anpil di m s on echwe paske m pa posede anpil
© 2017–2025
Тексты
песен
Все тексты песен на сайте размещены пользователями, редакцией или собраны из открытых источников.
При копировании материалов ссылка на сайт обязательна.
Уважаемые обладатели прав на музыку! На сайте не выкладывается музыка, ее нельзя скачать, послушать
и тому подобное.