Текстов песен в базе: 1 278 222
Ti Miyo

Ti Miyo

Wanito

Текст песни

Ti miyo santil blem chak jou nan vil s’on problem,
jan lap viv franchman sa touché kem
Yon non ki kite provens ki te rantre potoprens li te panse l te pral yon ti
prens
Li te desann kay fanmil e yon te byen akeyil li te panse bagay pral fasil
L’antre vin nan universite, li te konpoze inage
Li te pase san difikilte, avnil te sou wout prepare
Li pat janm bliye, kote li te ye, fey bwa lawouze douvanjoul tap leve
Bet li poul chanje avan soley kouche
Pase kay grann dede al chache ti soupe, li pat janm bliye
Yeeeeeeeeeiyeeeeeeeee yeeeeeeeeeeiyeeeeeeeeeeeee
Yeeeeeeeeeeiyeeeeeeeyeeeeeeeeeeiyeeeeeeeeeeeee
Lavi sa a telman dwol li tankon ekip football
men m nan prop kanw li konn few bay goal
Li te jwen tout sal anvi lavi a pat di pou li
moun moun provens pat janm gen nouvel li
Imaginel yon kote li pa gen poul depanse
se sou kont moun yo li te toujou ye
2 mwa wi 2 mwa pot ko pase, akey la komanse chanje
Yap bal move jan yo fatige, yo gentan ta renmen l ale
Podyab ti miyo, li te tonbe nan cho,
Menm pou ti gout dlo, li bwe s’on gwo fado
Tout sak pa bon yo, te fe chay sou dol
Finalmanl gen anvi tounen lakay li, kotel te soti
Bay vag ak etid li ki se tout avni li, espwa manman li
Поделиться ссылкой:
Короткая ссылка: https://tekstpesni.ru/s/4x5f

Тексты других песен исполнителя

© 2017–2025 Тексты песен
Все тексты песен на сайте размещены пользователями, редакцией или собраны из открытых источников.
При копировании материалов ссылка на сайт обязательна.
Связаться
Уважаемые обладатели прав на музыку! На сайте не выкладывается музыка, ее нельзя скачать, послушать и тому подобное.