Текстов песен в базе: 1 278 222
Fan'm dous mwen

Fan'm dous mwen

Alan Cavé

Текст песни

Chak fwa m' we’w
se tout rev mwen te fe
kap defile devan’m
san rete
san rete pale
Chak fwa mwen we’w
se tout chimen memwa’m
ki remonte nan je’m
kon dlo ble
syel la chavire
syel la chavire
Wo oh oh
Wo oh oh
Chak fwa m' we’w
tout zetwal ki nan ke’m
fomen on boukan pou ou yo rele’l lanmou
rele’l lanmou
rele’l lanmou
chak fwa mwen we’w
tout venn ki nan ko’m
tounin on rivie rouge
tanpri pa kite’m, pa kite’m, pa kite’m
syel la chavire
Wo oh oh
Minui bare pou ko’m
asweya sou potay
Ban’m on ti kout
kleren pou’m neye chagrin, chagrin
Malgre tout sak pase
Mwen pap jan’m ka bliye’w, pap janm ka bliye’w
Se ou sel mwen renmen
ou minm sel fanm dous mwen
Malgre tout sak pase doudou
Pap sa bliye
Se ou sel mwen renmen
sel fanm dous mwen
Malgre tout sak pase doudou
pap sa bliye’w
Se ou sel mwen renmen
Sel fanm dous mwen
Le swa le m’pral domi
mwen met nom ou anba zorye’m
tout rev mwen an rife
yo vi’n samble ave’w
le matin le’m leve cherie
avan minm mwen bwe cafe
se nom’w ki rechofe’m
ou peple tout panse’m
malgre tout sak pase
Malgre tout sak pase doudou
pap sa bliye’w
Se ou sel mwen renmen
Sel fanm dous mwen
Malgre tout sak pase doudou
pap sa bliye’w
Se ou sel mwen renmen
Sel fanm dous mwen
Gad jan’m stuck (stuck, stuck)
stuck on you baby
gad jan’m stuck
BRIDGE
Malgre mize’m pase
m’pap sa bliye’w
dlo anvahi tout je’m doudou
yo minm di ou ranplase’m
pou’m bliye’w
pap sa bliye’w
map monte masuife
cherie
Gad jan’m stuck
stuck on you baby
Malgre mize m’pase
m’pap sa bliye’w
dlo anvahi tout je’m doudou
Yo minm di ou ranplase’m
pou’m bliye’w
pap sa bliye’w
map monte masuife cherie
Поделиться ссылкой:
Короткая ссылка: https://tekstpesni.ru/s/2uYX

Тексты других песен исполнителя

© 2017–2025 Тексты песен
Все тексты песен на сайте размещены пользователями, редакцией или собраны из открытых источников.
При копировании материалов ссылка на сайт обязательна.
Связаться
Уважаемые обладатели прав на музыку! На сайте не выкладывается музыка, ее нельзя скачать, послушать и тому подобное.